Rapèl: Deja yon lanne aprè asasina kòdonatè jeneral RDNP a, Éric Jean-Baptiste.

28 Oktòb 2022 - 28 Oktòb 2023 gentan fè yon lanne depi asasina Prezidan Direktè Jeneral "Père Eternel Lotto" a, mesye Éric Jean-Baptiste.



Nan lannwit ki te 28 pou rive 29 Oktòb 2022 a se dat bandi ak gwo zam te asasen san fwa ni lwa kowòdonatè jeneral pati politik Rasanbleman Demokrat Nasyona ak Pwogresis(RDNP) a, Éric Jean-Baptiste, nan zòn Laboul 12. Selon enfòmasyon ki te pataje, se gwoup bandi ki te gen nan tèt yo, "Ti makak" kòm chèf , ki te komèt gwo krim sila a. 

Viktim lan ki t ap rantre lakay li aprè yo rankont politik, ki te gen avè l chofè l, te resevwa plizyè bal plizyè kote nan kò l, tankou nan do, ren pou n site sa yo sèlman. Pa kont, moun ki te sou plas te kouri lopital avè l, malerezman li pa t chape.

Yon lane aprè, pèsonn toujou pa konnen anyen sou sa k di, sa k fèt nan ankèt k ap fèt sou dosye sa. Lajis toujou pa anmezi pou founi enfòmasyon sou otè, ko-otè, konplis ak koz zak sila. Malgre selon enfòmasyon lapolis la te konfime prezime otè zak sila te tonbe nan echanj kout zam ak fòs lòd yo kèk mwa aprè.

Defen an te yon gwo biznisman nan peyi a. Li te manajè youn nan antrepriz bòlèt anndan peyi a. Anplis, li te gentan kreye, sa fè kèk tan, yon fondasyon ki te pote non l. N ap raple atravè tout antite sa yo li te kontribye an gran majorite nan konstriksyon kanmpous inivèsitè Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Jakmèl la. Yon gwo èv li pa gentan wè avansman l malerezman.

Jodi 28 Oktòb 2023 a plizyè mès chante, plizyè aktivite òganizasyon nan memwa gwo potorik gason sa sosyete ayisyèn nan pèdi nan yon kondisyon ekstrèman trajik. 



Robenson Fils-aimé, Jounalis-redaktè 
filsaimerobenson93@gmail.com 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

États-Unis/Sécurité: Jason Pass, l'auteur du double meurtre à Brooklyn, neutralisé par les forces de l'ordre ce mercredi, tôt dans la matinée.

Haiti/PNH: La Direction départementale du Nord-ouest de la Police réagit par rapport à un poste de péage de la Mairie de Port-de-Paix.

Etats-Unis: Deux(2)membres d'une seule famille haïtienne tués à New-York.