Kriz ayisyano-dominikèn: Luis Abinader siyen yon akò ak plizyè òganizasyon.

Chèf leta dominiken an, Luis Abinader siyen yon akò jodi 26 Oktòb 2023 ak plizyè òganizasyon nan lide pou jwenn yon solisyon.

[Crédit Photo: Diario Libre]

Nan akò sila a, gouvènman dominiken anonse yo pral regilarize estati travayè ayisyen nan peyi a, nan yon pak yo siyen avèk plizyè inivèsitè ak reprezantan kèk òganizasyon politik, san vrè pati opozisyon politik la.

Nan pak sa, Prezidan Abinader, pran angajman pou administrasyon l òganize globalman kesyon imigrasyon ayisyen ak kesyon mendèv sou teritwa a dominiken an.

Pa kont, youn nan atik nan akò sa egzije pou tout enstitisyon piblik kou prive kanpe, nan yon pi bon delè, kesyon bay travay ak ayisyen ki nan kondisyon migratwa ilegal epi kontrè ak lalwa.

Anplis, Leta dominiken fè konnen Konsèy nasyonal migrasyon an kreye pou bay pèmi travay, pandan y ap respekte kota travayè ayisyen yo nan tout sektè aktivite nan peyi a.

Toujou nan menm pak sa, yo eksprime entansyon yo genyen pou fè pwomosyon avèk sektè afè yo, pou kreye plis angajman ak enplikasyon mendèv dominiken an.

Gouvènman dominken an pwopoze siyatè yo pou gen yon refòmilasyon nan direksyon jeneral enpo enteryè pou tout antrepriz yo prezante mas salaryal yo akonpanye tout done pèsonèl tout travayè yo epi montan yo peyo yo.

Leta dominiken di li bay tèt li misyon, selon lalwa, pou l depòte tout etranje ki nan sitiyasyon iliegal. Anplis, konsèy Nasyonal pou Timoun ak adolesan gen pou misyon verifye regilyèman tout minè epi depòte yo si yo pa an règ.

Aprè siyita akò sila a, gen anpil kesyon k ap poze, tankou: Èske ap gen amelyorasyon nan relasyon Ayiti ak Repiblk dominikèn? Èske nòm entènasyonal ak dwa nan kesyon migratwa yo ap respekte ? Èske imigran ayisyen ki legal ap rale yon souf ? N ap swiv.


Robenson Fils-aimé, Jounalis-redaktè 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

États-Unis/Sécurité: Jason Pass, l'auteur du double meurtre à Brooklyn, neutralisé par les forces de l'ordre ce mercredi, tôt dans la matinée.

Haiti/PNH: La Direction départementale du Nord-ouest de la Police réagit par rapport à un poste de péage de la Mairie de Port-de-Paix.

Etats-Unis: Deux(2)membres d'une seule famille haïtienne tués à New-York.