Ayiti/Sante: Yon gwoup medsen mete kanpe yon klinik medikal sou kanal la nan Wanament.

Jodi Samdi 28 oktòb 2023 a, yon gwoup medsen deside mete sou pye yon klinik bò kanal la nan komin Wanament.

Nan objektif pou pote kontribisyon yo nan fason pa yo, yon gwoup medsen ki soti nan lopital Wanament lan, pran inisyativ mete kanpe yon klinik medikal bò konstriksyon kanal la. Klink sa fèt pou desèvi tout ajan Brigad Siveyans zòn Pwoteje yo(BSAP) ak tout bòs yo k ap travay sou kanal la. 

Selon sa yo di, se plizyè klinik ki mete ansanm ak plizyè medsen ki kolekte mwayen pèsonèl yo pou fè aktivite sila epi kontribye pou achte medikaman pou bay ak moun ki nan nesesite aprè konsiltasyon yo. Pa kont, yo fè konnen se an repiblik dominikèn yo achte medikaman akoz pa gen ase sant pwodiksyon medikaman ki ka konble demann lan nan nivo sa. Anfèt, yo fè konnen majorite medikaman, swa 80%, ki antre anndan peyi a se kay vwazen, aprè se Lafrans, Kanada, ets..yo sòti.

N ap fè konnen an, anpil sektè gentan patisipe nan gwo inisyativ sila ki konstriksyon kanal Wanament lan, tankou jounalis, atis, Dyaspora, malgre tout presyon ak menas gouvènman dominken an te fè sou komite kanal pou te kanpe l. 

N ap presize, Jedi 27 Oktòb la se premye vizit gouvènman defakto Ariel Henry an fè sou kanal aprè plis kon depi travay konstriksyon yo kòmanse nan Wanament. 



REDAKSYON AN

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

États-Unis/Sécurité: Jason Pass, l'auteur du double meurtre à Brooklyn, neutralisé par les forces de l'ordre ce mercredi, tôt dans la matinée.

Haiti/PNH: La Direction départementale du Nord-ouest de la Police réagit par rapport à un poste de péage de la Mairie de Port-de-Paix.

Etats-Unis: Deux(2)membres d'une seule famille haïtienne tués à New-York.